• Contact
  • À propos
  • Politique de confidentialité
Le Médiateur
  • Le Journal
  • Politique
  • Social
  • Justice
  • Sports
  • International
  • PAGES
    • À propos
    • Politique de confidentialité
    • Contact
Pas de résultats
Voir tous les résultats
  • Le Journal
  • Politique
  • Social
  • Justice
  • Sports
  • International
  • PAGES
    • À propos
    • Politique de confidentialité
    • Contact
Pas de résultats
Voir tous les résultats
Le Médiateur
Pas de résultats
Voir tous les résultats

Ayiti-Politik  :  Òganizasyon KONBAPÈP met Abel Loreston ak alye l yo toutouni pou yon sitin yo anonse devan BMPAD 

Le Mediateur Par Le Mediateur
15 juin 2022
dans Politique
0
Haïti/Crise Politique : « Cri de révolte de KOMBAPEP contre des politicards »
PARTAGER

Nan yon nòt li fè sòti jodi mèkredi 16 jen an,  Kòdonatè jeneral Konbit baz popilè pou evolisyon ak pwogrè à (KONBAPEP), James Nelson, denonse ak tout fòs li move plan ki kache dèyè  sitin Abel Loreston ak alye yo anonse devan BMPAD pou jedi k ap 17 jen an, Msye Nelson tou pwofite raple pwotestatè yo ke Leta pa nan zafè achte gaz depi desanm 2021, se konpayi gaz yo ki jere sa konnya. Ki donk maladi yo soufri a se pa li yo di doktè a.

 

Redaksyon jounal Le Médiateur pibliye nòt la san wete san mete. Li envite w li l.

 

                Nòt pou laprès

 

« Konbit bas popilè pou evolisyon ak progrè KONBAPEP sezi aprann kouman Abel Loreston, Etzer Jean-Louis ak Saint-Fleur Édouard mare sosis yo ansanm nan yon Òganizasyon bidon ki pote non EPOP, pou yo anonse yon  sitin devan BMPAD yon mannyè pou y al denonse swadizan pwojè Diriktè jeneral BMPAD la, Fils-Aimé Ignace Saint-Fleur, genyen pou l al monte pri gaz la nan ponp yo.

KONBAPEP ap di Abel Loreston ak akolit li yo, li lè li tan pou yo sispann ak jan de pratik koken sa yo. Se avni politik yo y ap détwi. Ansyen minis Jonas Coffy te deja denonse  Abel Loreston nan laprès lè l t ap mache fè sitin devan Ministè Komès kont lavi chè aprè l al nan biwo l ankachèt pou l mande 2 milyon goud pou l kanpe sitin nan. Li te fè l menm jan an devan BRH ak Inibank lè l t ap mande pou dola desann.  Se pa menm Abel Loreston sa ki fin wè mò pou Premye minis Ariel Henry nome l majistra Pòtopwens lan ?  Se pa li menm, ki prezante l kòm pòt pawòl ansyen senatè Moyiz Jan-Carles la, yon nèg k ap preche entegrite, k ap batay kont kòripsyon an ? 

KONBAPÈP ap fini pou l di Leta pa byen prive M. Loreston. Li paka amize l l ap ransonnen dirijan l yo konsa pandan menm grès kochon an pa ka kwit kochon an. KONBAPEP ap pwofite raple, Leta ayisyen  atravè Bmpad retire kò l nan achte gaz la depi mwa desanm 2021,se konpayi gaz yo ki yo menm achte gaz la konnya. Si se yon konplo Abel Loreston ak abolit ni yo  ap fè pou yo jete Premye minis Ariel Henry pou meri Pòtopwens li pa ba yo a  pou y al kraze a se pou yo di l klè. Si se menm politik ransonnay la y ap prepare ke yo parèt tout kò w. Paske yo wè yo deja.


PARTAGER
Tags: Abel LorestonBMPAPKONBAPEPmagouySitin
Article précédent

Haïti  : La vie nocturne dans l’aire métropolitaine est morte sous les regards insouciants des dirigeants ! 

Article Suivant

Haïti-Kidnapping : Libération contre rançon de quatre des cinq agents douaniers 

Article Suivant
Kidnapping : La sœur Marie-Marthe Laurent Lafaille libérée ! 

Haïti-Kidnapping : Libération contre rançon de quatre des cinq agents douaniers 

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

Articles récents

  • Haïti : le Secrétaire d’État à la Communication Bendjy Tilias dément les rumeurs sur une prétendue prolongation de mandat du CPT
  • Pour le Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé, l’élection du pape Léon XIV est « un moment de prière et d’espérance »
  • L’Américain Robert Francis Prevost devient le nouveau Pape : qui est-il ?
  • Haïti : Alix Didier Fils-Aimé rencontre les responsables universitaires pour consolider l’enseignement supérieur en région
  • Quand l’OPC trahissait sa mission : Renan Hedouville et sa famille accusés de corruption

LES PLUS LUS

  • Haïti : Le DG du CNE rejette les accusations d’Arnel Bélizaire et fait le point - 69 702 vues
  • Haïti-Politique: Trois erreurs gravissimes de l’opposition politique radicale dans la composition de sa Commission de Fa... - 57 028 vues
  • Haïti: Opération de la Police Nationale dans l’Artibonite - 30 853 vues
  • Haïti-Crise: Edouard Paultre et alliés créent une autre Commission pour le chambardement de l’ordre démocratique, quelle... - 28 211 vues
  • Haïti/Rebellion : Un des policiers se retire du mouvement et fait d’étonnantes révélations - 27 555 vues

Rechercher

Pas de résultats
Voir tous les résultats
Facebook Twitter

Récents

  • Haïti : le Secrétaire d’État à la Communication Bendjy Tilias dément les rumeurs sur une prétendue prolongation de mandat du CPT 9 mai 2025
  • Pour le Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé, l’élection du pape Léon XIV est « un moment de prière et d’espérance » 8 mai 2025

A propos

Le Médiateur est un média en ligne disponible sur le site www.lemediateurhaiti.com.

« Le Médiateur, le pont entre vous et la bonne information ».

Phone: +509 3406-2576
Email:info@lemediateurhaiti.com

© 2021 Le Médiateur - Mise en place par Constant Haïti.

Pas de résultats
Voir tous les résultats
  • Le Journal
  • Politique
  • Social
  • Justice
  • Sports
  • International
  • PAGES
    • À propos
    • Politique de confidentialité
    • Contact

© 2021 Le Médiateur - Mise en place par Constant Haïti.