• Contact
  • À propos
  • Politique de confidentialité
Le Médiateur
  • Le Journal
  • Politique
  • Social
  • Justice
  • Sports
  • International
  • PAGES
    • À propos
    • Politique de confidentialité
    • Contact
Pas de résultats
Voir tous les résultats
  • Le Journal
  • Politique
  • Social
  • Justice
  • Sports
  • International
  • PAGES
    • À propos
    • Politique de confidentialité
    • Contact
Pas de résultats
Voir tous les résultats
Le Médiateur
Pas de résultats
Voir tous les résultats

Ayiti/Opinyon : Mèt André Michel pa pran pati Fanmi Lavalas ak Pitit Desalines menm pou po patat

Le Médiateur Par Le Médiateur
7 janvier 2021
dans OPINIONS
0
PARTAGER

 

Aprè l fin pouse do ansyen Senatè Kelly Bastien ak Simon Desras nan Sektè Demokratik la, Mèt Andre Michel fin kwè li se sèl towo gwonde nan opozisyon politk la. Msye koupe rache jan l vle nan Sektè Demokratik la, li kwè ke se sèl li ki konn li, li se pi gwo lidè. Li pa pran okenn pati politik nan opozisyon an menm pou po patat,  menm pati ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide la, Fanmi Lavalas ak pati ansyen Senatè Moïse Jean-Charles la ki se Pitit Desalines. Vin jwenn ansyen senatè Nènèl CASSY blije swiv msye tèt bese. Paske se Mèt la ki t ap defann kavalye pòlka l, ansyen DG BMPAD la, Patrick Norame, lò yo te fin souse manmèl bèf petwokaribe nan enstitisyon sa a sou prezidans Privert a (2016-2017). Epi ansyen minis Majorie Michel blije pliye anba volonte l. Paske, selon sa ki di, nan relasyon tiboubout, enterè youn se entèrè tout.

San l pa pwèt pou pati Fanmi Lavalas, Pitit Desalines elatriye, Mèt Andre Michel mete deyò kalandriye mobilizasyon l pou l al pran kontwòl Pouvwa tranzisyon li reve a. 

Kesyon k ap poze, èske se moun ki te pran lari an 2004 ak Andre Michel pou chavire ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide, mètdam nan pral mobilize pou kapote Jovenel Moïse sou pouvwa a ? 

Kilè Andre Michel ansyen GNBis jouk nan zo te gen tan lavalas konsa pou se li k ap deside jan l pi pito nan non ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide, Maryse Narcisse,Yves Christallin,Yvon Feuillé, Moïse Jean-Charles, Kelly Bastien, Dieuseul Simon Desras… ?

Andre Michel sanble gen misyon pou l fini ak tout lidè ki de souch lavalas yo, aprè li fin batay pou l jete senbòl rejim Lavalas la, ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide an 2004 sou pouvwa a ?

Èske Andre Michel gen tan bliye se 0% vòt li te fè nan eleksyon ki sot pase a pou prezidan, kidonk li pa gen pyès kapasite pou l fè mobilizasyon ?

Jan pwovèb la di a, sòt ki bay enbesil ki pa pran. Pandan Fanmi Lavalas mande yon gouvènman Sali piblik, Pitit Desalines mande yon prezidan nan kou Kasasyon pou ranplase prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a, André Michel pa mande yo sa yo pot pou vann. Pwojè pa l se vannen yo grenn pa grenn.

 

Edius Exilus,

Militan nan bouk


PARTAGER
Tags: Fanmi LavalasMe André MichelPiti DessalinesPolitique
Article précédent

Politique-Opinion :  2010 – 2020  :  Les vrais comptes : La décennie des saboteurs de l’Etat d’Haiti.

Article Suivant

Haïti-élection : Les dates des élections présidentielle, législatives… cette année sont désormais connues

Article Suivant
Haïti-élection : Les dates des élections présidentielle, législatives… cette année sont désormais connues

Haïti-élection : Les dates des élections présidentielle, législatives… cette année sont désormais connues

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

Articles récents

  • Mardis de la Nation : le ministre Raphaël Hosty présente son bilan des travaux d’infrastructures routières et aéroportuaires 
  • Hervé Laplante interpellé en Floride : les questions s’intensifient 
  • Répression : un employé du CNE blessé pour avoir réclamé huit mois de salaire
  • Quand la critique camoufle une ambition déçue : Rod Joseph face au contrat entre l’État haïtien et Blackwater
  • États-Unis : l’Haïtienne Michèle Duvivier Pierre-Louis reçoit un Doctorat Honoris Causa de Bard College pour son engagement exemplaire

LES PLUS LUS

  • Haïti : Le DG du CNE rejette les accusations d’Arnel Bélizaire et fait le point - 69 709 vues
  • Haïti-Politique: Trois erreurs gravissimes de l’opposition politique radicale dans la composition de sa Commission de Fa... - 57 034 vues
  • Haïti: Opération de la Police Nationale dans l’Artibonite - 30 858 vues
  • Haïti-Crise: Edouard Paultre et alliés créent une autre Commission pour le chambardement de l’ordre démocratique, quelle... - 28 218 vues
  • Haïti/Rebellion : Un des policiers se retire du mouvement et fait d’étonnantes révélations - 27 567 vues

Rechercher

Pas de résultats
Voir tous les résultats
Facebook Twitter

Récents

  • Mardis de la Nation : le ministre Raphaël Hosty présente son bilan des travaux d’infrastructures routières et aéroportuaires  3 juin 2025
  • Hervé Laplante interpellé en Floride : les questions s’intensifient  2 juin 2025

A propos

Le Médiateur est un média en ligne disponible sur le site www.lemediateurhaiti.com.

« Le Médiateur, le pont entre vous et la bonne information ».

Phone: +509 3406-2576
Email:info@lemediateurhaiti.com

© 2021 Le Médiateur - Mise en place par Constant Haïti.

Pas de résultats
Voir tous les résultats
  • Le Journal
  • Politique
  • Social
  • Justice
  • Sports
  • International
  • PAGES
    • À propos
    • Politique de confidentialité
    • Contact

© 2021 Le Médiateur - Mise en place par Constant Haïti.